LEMOND/PETWÒL: LANMÒ JENERAL IRAN AN PARÈT YON MENAS POU OGMANTE PRI PWODWI PETWOLYE YO NAN MOND LAN.

Lanmò jeneral iranyen an Quassem Soleimani ak atak lame iran an kont baz militè ameriken nan peyi irak yo menase yon ogmantasyon sou pri pwodwi petwolye yo nan mond lan

Depi aprè desizyon ki te pran bò kote dirijan peyi etazini yo pou elimine jeneral iranyen an, sa ki lakoz yon konfli ant eta islamik la avèk peyi etazini ki vin fè enpak sou pri petwòl la kote ta deja gen yon ogmantasyon ki fèt nan anviwon 5% oubyen 68 dola ameriken

Pou fini nap fè konnen ogmantasyon sila pa gen anyen pou wè ak ogmantasyon brital mond lan te rekonèt sou pri monte lò nwa a epòk lagè gòlf la nan lane 1990 epi lagè nan peyi irak nan lane 2003 men pito chak kriz ki gen nan mwayen oryan an gen yon ogmantasyon ekzajere ki fèt sou pri pwodwi yo.

 

Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …