AYITI/MERI: YON MAJISTRA PA SATISFÈ DE TRAVAY LI NAN TÈT MERI KE LI TAP DIRIJE A.

Majistra Aken an Sauvilorme Mathurin deklare a yè lendi 13 janvye 2020 an ke li pa satisfè de pasaj li nan tèt meri Aken an. Lifè deklarasyon sa nan kad yon entèvyou kote li tap fè bilan travay li nan tèt meri a.

Premye sitwayen komin Aken an ki rekonèt bilan li an fèb pou 4 lane li pase nan meri a fè konnen se feblès fiskalite a nan komin nan ki lakoz ensatisfaksyon sa.  » objektif mwen se te poum fè Aken vin pi bèl malerezman pagen mwayen ». Nou tap site la pawòl majistra.
Daprè li resèt lameri a pa pèmèt yo reyalize gwo bagay.

Poze li kesyon si ll gen volonte tounen nan meri a, mesye Mathurin reponn negativman.  » NON », mwen pa enterese. Pawòl majistra a.

Yon lot bò ansyen juj de pè a fè konnen li pa pou pwolonje manda majistra yo nan peyi a. Se pandan li di si prezidan an soti yon arete ki pwolonje lap aksepte.

Nap fè konnen Sauvilorme Mathurin se pastè, li majistra aprè yon pakèt tan li te fè kòm jij de pè nan komin Aken.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …