AYITI/REYAKSYON: YON BON PATI NAN POPILASYON AN BAT BWAVO POU DESIZYON PREZIDAN REPIBLIK LA PRAN AN.

Nan yon mikwo twotwa ak obsèvasyon sou plizyè rezo sosyal nan peyi Dayiti apre twit prezidan repiblik la jounen 13 janvye 2020 an ki konstate kadisite palman an epi pran ak de vid enstitisyonèl la se gwo kè kontan nan mitan yon gwoup nan popilasyon an.

Soti nan komin Petion ville desann Dèlmas pase taba pran wout Lalue pou site zòn sa majorite moun ki te pale nan mikwo nou se gwo bwavo pou desizyon sa, selon moun sa yo palman an pat itil peyi a anyen e yo se pi gwo pwoblèm peyi a, pou moun sa yo li te li lè li tan pou palman an te kraze e anpil nan yo di yo pap vote moun pou depite ak senatè ankò.

Sou rezo sosyo se menm konsta se anpil fawouch nan kòmantè yo mizik angaje pou moutre kontantman yo, anba kont anpil nan palmantè yo se anpil pawòl piman bouk mesaj videyo gif adye pou moutre dezakò yo avèk yo.

Yon lòt gwoup moun mande pou prezidan repiblik la kite pouvwa a nan lane 2021 apre desizyon li pran an.

 

Kredi foto: Amazone

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …