AYITI/ÈD: LETA AYISYEN RESEVWA PLIZYÈ TÒN DIRI NAN MEN PEYI TAÏWAN.

Ayiti kontinye jwenn sipò pèp peyi Taïwan pou lite kont fenomèn grangou a, kote Ayiti pa kapab reponn avèk bezwen popilasyon li paske pa gen pwodiksyon nasyonal depi plizyè ane sa ki gen gwo konsekans sou majorite popilasyon an.

Pou Weekend 10 Janvye rive 12 Janvye ane 2020 an, nan pò Pòtoprens antite leta pou jere zafè ekonomi avèk sosyal (FAES) resevwa kat san (400) tòn diri pou soulaje grangou kèk malere avèk malerèz ki pa gen mwayen pou jere fanmi yo, leta pou mwa Janvye 2020 an pral distribiye de mil de san (2200) tòn diri prese prese bay fanmi sa yo.

Otorite yo nan leta bat bravo pou bèl jès sa otorite peyi Taïwan avèk pèp Taïwan fè pou ede leta Ayisyen konbat fenomèn grangou a nan peyi Dayiti.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …