AYITI/JISTIS:KOMISÈ GOUVÈNMAN KWADÈBOUKÈ A PA RIVE TANDE KOMEDYEN AYISYEN AN MATYAS DANDÒ.

Matyas Dandò komedyen Ayisyen an ke komisè gouvènman pakè kwadèboukè a te lanse yon manda kont li swit ak aksyon li te poze nan memoryal 12 janvye an, te prezante nan pakè kwadèboukè jodi jedi 16 janvye 2020 an men li pat rive reponn okenn kesyon.

Komedyen angaje a ki te akonpanye ak plizyè avoka nan pati sivil la yon moun tankou, Mèt André Michel, mèt Palvin Phizéma pou site sa yo sèlman, aprè plizyè minit yo ta fin pase nan lokal pakè a te vin oblije kite espas la san komisè a pa rive tande komedyen an

Pou fini ansanm avoka sila yo ki te akonpanye Matyas Dandò yo fè konnen manda ki lanse kont komedyen a ilegal yo pral pran yon ansanm mezi pou fè anile li ep konsidere aksyon sa tankou pèsekisyon politik.

 

Anderson PHEBE

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …