Nan yon deklarasyon prezidan repiblik la fè jou pase yo mande pou yon lòt fwa yon chita pale nan lide pou rezoud kèk pwoblèm kap ravaje peyi a depi sou komansman manda li a jis kounya, lokatè palè nasyonal la kwè se nan dyalòg sa ap kab chanje
Poutan nan yon twit mèt André Michel fè a yè madi 21 janvye 2020 an, li mande ak tout zanmi li nan opozisyon an pou yo toujou genyen menm objektif la kise chavire pouvwa tèt kale a, Avoka pèp la bay yon pinga ak nenpòt zanmi nan opozisyon an kita gen lide negosye pouvwa ak prezidan Jovenel Moïse.
Otè : Mackenson Sévère