AYITI/EKONOMI: PREZIDAN REPIBLIK LA NAN TÈT KOLE AK ONA POTE SIPÒ BAY 2026 FANM KAP FÈ KOMÈS NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse nan tèt kole ak ONA ki gen nan tèt li Chesnel Pierre dispoze senkant milyon sis san senkant mil goud pou ede 2026 fanm kap fè biznis nan kad yon pwogram ONA  ki rele « ONAFANM », yon seremoni dewoule nan lokal palè nasyonal jodia madi 28 janvye 2020 an.

Nan kad seremoni sila kote prezidan repiblik la chwazi ede plizyè fanm ki soti nan swasant (60) katye nan zòn metwopolitèn nan jwi pwogram « ONAFANM » nan li remèt yon chèk venn senk mil (25 000) goud ak chak epi salye kouraj fanm sa yo.

Anpil nan fanm sa yo bat bwavo pou jès sila e swete program nan grandi yon fason pou yo ta jwenn plis kòb e pou ta gen plis fanm benefisye pwogram sila.

 

Andhyphe@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …