PNH/BILAN : PÒT PAWÒL POLIS NASYONAL LA GARRY DESROSIERS PREZANTE BILAN POU MWA JANVYE 2020 AN.

Nan kad yon konferans pou laprès PNH la bay jodi vandredi 31 janvye 2020 an, nan DCGP nan klèsin yo prezante bilan pou mwa janvye an.

Kòmansman nouvel ane a pat sèlman make pa machinn ensekrite kap vale tèren, men pa anpil malfwa ki amize yo vyole jèn ti fi yo se 6 ka vyol DCPJ enrejistre pou mwa sa ak anpil lot ki anba men lapolis pou lot krim.

Pòt pawol PNH la pale de tantativ ki te fèt pou te kraze penitansye nasyonal, jou ki te madi 28 janvye 2020 pase a, kote lapolis pat pran tan pou repran kontwol sitiyasyon an e yo te rive sezi : 2 zam 9 milimèt ,yon zam 38,33 sim ,101 ti pakè mayiyana ak yon gwo pakè mayiyana, 124 pik 37 kouto 5 manchèt ak plizyè fich fransfè.

La polis ap chache aktiman plizyè chef gang si nap site : Odma chef gang savyen an nan latibonit,Joseph Wilson alyas lanmò 100 jou ki gen kontwol zon grantye,Bougoy,Mikanor chef waf jeremi an,Manno chef vilaj de dye a,Ti lapli, Ti sourit ak anpil lot.

 

Mackenson Sévère

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …