AYITI/PWOTESTASYON: YON FÒS ETRANJE PLASE MO PAL SOU REVANDIKASYON POLISYE YO.

Aprè enstitisyon polis nasyonal peyi Dayiti (PNH) te bay gwo kè kase nan deblozay ki eklate anndan enstitisyon an, fòs etranje yo kòmanse montre enkyetid yo genyen fas a sitiyasyon sila ki reprezante gwo danje pou sekirite popilasyon ayisyèn nan.

Biwo Entegrasyon Nasyonzini nan peyi Dayiti (BINUH) ki ap swiv evolisyon yo nan sak gen pou wè avèk sekirite peyi Dayiti fè konnen tout fòs viv nasyon an espesyalman yon pati nan lapolis la ki ap fè revandikasyon pou dwa yo ki vyole dwe chita sou yon tèren antant jan nòm entènasyonal yo mande sa, pou evite afwontman, paske sekirite pèp ayisyen an menase  zak vyolans yo p’ap pote solisyon nan pwoblèm yo kote plizyè moun blese avèk sa ki mouri san konte anpil materyèl ki kraze men sa ap rive fèt nan vwa pasifik nan bon jan negosiyasyon.

Yo pwofite pou di yap kontinye angajman yo yon lòt fwa ankò avèk peyi Dayiti nan kad sipò y’ap bay nan tabli bon jan sekirite nan peyi a avèk lapè nan mitan pèp ayisyen an.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …