AYITI/POLITIK: PATI POLITIK DEBLOKE ANONSE YON PETISYON AK DIVÈS PATI KAP SIPÒTE POUVWA A POU VANDREDI 12 MAS 2020 KAP VINI LA

Nan kad yon konferans pou laprès pati politik debloke ki regwoupe divès òganizasyon ak militan de baz yo bay jounen madi 10 mas 2020 an anonse pou tout pati kap sipòte pouvwa a ak militan baz yo pou vinn siyen petisyon yon fason pou mande pchèf leta a tande kri vwa yo kap kap soufri depi plizyè lane

daprè pòt pawòl debloke a Ginon Josue fè konnen yo gen lontan yap konstate se preske moun ki pat travay pandan kanpay elektoral la kap byen pase sou pouvwa

se poutèt sa jounen kap vandredi 13 mas 2020 kap vini la tout militan ak tout òganizasyon pral siyen petisyon sa pou mande Jovenel Moïse pou di yon mo ak yo ki tap milite pandan 22 mwa kanpay ,plizyè mwa manifestasyon epi san konte pandan peryòd peyi a te lòk
la

Pilwen pòt pawòl la mande prezidan repiblik la pou divès bwat nan leta a tankou APN, OAVCT,CAS,ONA ak yon seri bwat ki enfliyan pou yo entegre yo prese prese

Poun fini nap soulinye responsab pati politik debloke anonse si yo pa tande vwa yo nan kad petisyon sa yap pase mouvman an ak yon lot etap

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …