ESPO/CHFP 2020 SERI ALE: REZILTA TOUT MATCH CHANPYONA NASYONAL PREMYE DIVIZYON PEYI DAYITI POU DEZYEM JOUNEN AN AK KLASMAN AN.

Dezyèm joune chanpyona nasyonal premye divizyon peyi Dayiti jwe wikenn 07 ak 08 mas 2020 an.
Baltimore bat Juventus, America siyen premye viktwal nan stade nasyonal Sylvio Cator, Don-Bosco tonbe kay USR, yon lòt match Nil ankò pou ASM, cavaly fè katon plen.

Yon dezyèm jounen ki trè pòv nan gòl 10 gòl, pou 9 rankont atankan yo te manke vivan devan kan yo.

Dezyèm joune sila diferan ak joune inogiral la kote piblik la pat reponn sou tout tèren ke seswa pòtoprens tankou vil pwovens yo. Piblik la te reponn randevou yo. Nan parc papa Numa okay, devan piblik li ekip Juventus la pèdi (0-1) kont Baltimore yon dezyèm viktwa pou ekip senmak yo nan vil okay.

Men rezilta tout match yo an detay.
Cavaly vs Fica (1-0)
Réal hope vs violette (0-1)
Racing fc vs Ouanaminthe (1-0)
Juventus fc vs Baltimore (0-1)
USR vs Don-Bosco (1-0)
As Mirbalais vs Cosmopolites (0-0)
Racing ch vs America (0-1)
As Capoise vs Arcahaie fc (2-0)
Tempête vs Triomphe (0-2)

Klasman apre de (2) joune cavaly ak Baltimore fè katon plen yap domine avèk sis (6) pwen yo chak men ak yon pi bon diferans gòl pou ekip citée Anacaona, Racing ch fè pi move debi avèk de (2) defèt pou de (2) match jwe.

Men klasman
As cavaly 6 pwen +3
Baltimore sc 6 pwen +2
Don-Bosco 6 pwen
Triomphe 3 pwen
As Capoise 3 pwen
Juventus 3pwen
Violette 3 pwen
USR 3 pwen
Réal Hope 3 pwen
Ouanaminthe 3 pwen
Fica 3 pwen
America fc 3 pwen
Tempête fc 3 pwen
Racing fc 3 pwen
As Mirbalais 2 pwen
Cosmopolites 1 pwen
Racing ch 0 pwen.

Racing club haïtienne dènye pèdi kont kòlòs yo nan fyèf li yon dezyèm viktwa pou klèb okay yo nan stade national Sylvio Cator apre Juventus te fin bat nan premye joune violette (1-2).
Pwochen jounen an RCH ap jwe kont tempête nan stade nasyonal Sylvio Cator pou chèche premye viktwal nan chanpyona a.

Jocelyn Couyoute

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …