SENDIKA TRAVAYÈ SOSYAL KOMINOTÈ DAYITI YO DENONSE LETA POU 24 MWA TRAVAY YO DWE YO

Nan kad yon konferans SYTRECH bay jounen lendi 16 mas 2020 an fè konnen yo santi yo pa kapab ankò ap pil dèt leta dwe pou yo

Nan sans sa yo mande prezidan Jovenel Moïse pou fè koul konnen pou peye yo 24 mwa travay yo dwe yo epi ak lajan kay yo dwe yo

Daprè responsab sendika a ki pat kache ensatisfaksyonl denonse direktè FAES la kap fè magouy epi kap regle bagay ti zanmil ap restoran yo

Pilwen kòdonatè a mande chèf leta a pou retire restoran kominotè yo nan men FAES epi pou retounen restoran kominotè yo nan ministè sosyal avan

Poun fini nap soulinye kòdonatè sendika a mande chèf leta a pou fè kou mèt jan jak pou pèmèt moun li dwe yo rive touche epi itilize tout mwayen nesesè pou relouvri restoran yo

 

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …