PWOFESÈ WILLIO ST PREUX MANDE POPILASYON AYISYÈN LAN POU METE AN PRATIK TOUT KONSÈY OTORITE SANTE YO MANDE YO POU YO PRAN

Nan kad yon konferans mesye St Preux bay laprès jounen jedi 26 mas 2020 an egzije popilasyon ayisyèn lan pou aplike tout mezi otorite yo mande pou yo pran yon fason pou yo ka mwens viktim anba pandemi kowona viris la

Nan sans sa Mesye St Preux fè konnen yon moun ki pa gen yon gwo bezwen oubyen ki pa gen yon ijans li pa dwe sòti paske afòs moun ap sikile se afòs moun riske poul atrape viris lan

Pilwen pwofesè a mande gouvènman an pou itilize tout mwayen nesesè epi dispoze ekipman nan lopital yo yon fason pou rive kontre kare viris lan ki deja ap fè ravaj nan mond lan

Se poutèt sa li rekòmande chak grenn ayisyen pou toujou lave men yo, pa estène nan figi moun epi kanpe toujou lwen lè yap pale ak yon moun

Nap soulinye gen anpil zòn nan kwadèboukè mesye St Preux ede sitou pou jèn ki paka peye lekol yo epi san konte pwojè elektrifikasyon chak zòn nan bon repo

Rikenson Fulgeance

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …