AYITI/VODOU: CHÈF KILT VODOU AYISYEN AN ADRESE AK PÈP AYISYEN SOU PANDEMI KOWONAVIRIS LA.

Chèf kilt vodou ayisyen Houngan Cedral Noelus adrese ak pèp ayisyen epi vodouyizan yo nan yon konferans pou laprès jounen madi 21 avril 2020 an sou pandemi kowonaviris la.

Chèf kilt vodou an mande tout vodouyizan pou rete lakay yo pou pwoteje tèt yo, Houngan mande pou vodouyizan yo limen balèn yo, sonnen ason yo pou yo pale ak tout sa ki nan dlo, tout sa ki nan van, tout sa ki nan tè a, tout sa ki nan dife pou di yo reveye Ayiti an danje, mond lan an danje pou yo kapab jwenn yon solisyon pou kwape kowonaviris la.

Houngan fè prezidan repiblik la Jovenel Moise konnen vòt vodouyizan Plato santral yo pap pèdi, vòt vodouyizan nan diz depatman yo an pap pèdi, houngan felisite tout sektè nan vi nasyonal la ki ap sansibilize moun yo pou yo pran responsabilite yo nan respekte tout prensip ijyèn yo.

Chèf kilt la fè konnen KNVA, WAYOM VODOU A, pa kwafe kilt vodou yo se òganizasyon ki anndan kilt vodou a pou fini houngan an repete pawòl sa pa pouvwa 29 pwen gran bwa, 29 pwen sen myèl, 29 pwen simityè, 29 pwen kalfou.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …