8 ME 1962 – 8 ME 2020 DIREKSYON JENERAL BIDJE : 58 LANE

28 me 2020 fè 58 lane depi Direksyon Jeneral Bidjè ap travay pou aplike politik Leta
Ayisyen nan tou sa ki gen pou wè ak prepare bidjè Leta, kontwole epi swiv jan li
ekzekite. Pou make dat sa a, Direksyon Jeneral Bidjè deside pibliye yo dokiman pou
pèmèt piblik la konprann wòl enstitisyon sa a epi li tou pwofite fè yon rale sou bidjè leta a ak kòman yo prepare li.

1. DIREKSYON JENERAL BIDJE : Kisa l ye?
Direksyon Jeneral Bidjè se yon sèvis teknik dekonsantre ki nan Ministè Ekonomi ak Finans ;
sa vle di li se yon enstitisyon ki depann de Ministè finans men ki gen yon travay espesyal ke
lalwa ba l fè ;

  • Direksyon Jeneral Bidjè se yon enstitisyon ki gen konpetans pou li aplike politik Leta mete
    sou pye sou zafè bidjè peyi a ;

Nan akonplisman misyon li, Direksyon Jeneral Bidjè genyen pou Ii:

  • Bay patisipasyon li lè Leta ap prepare politik li ki gen pou wè ak rantre epi depanse lajan ;
    Prepare ansanm al lòt enstitisyon sa konsène, dokiman ki fikse objektif Leta a sou plizyè
    lane nan sa ki pou wè ak lajan Leta gen pou l resevwa, ak lajan li gen pou l depanse epi
    sou pi bon rezilta pou peyi a, san gaspiyaj ;
  • Prepare lwa bidjè inisyal Leta a ak lwa bidjè rektifikatif yo nan respè politik Gouvènman
    an ak objektif makwoekonomik kite deja fikse yo ;
    Fè tout sa ki nesesè pou kontwole depans ki nan bidjè Leta a ;
    Peye ak kontwole pewòl fonksyonè ak anplwaye Leta yo ;
    Kontwole jan depans pou envestisman ki nan bidjè Leta yo ap fèt ;
    Bay patisipasyon li lè yap prepare lwa règleman yo ;
    Travay sou tout sa ki gen pou wè ak jan leta a ap depanse ka vin miyò chak jou.

2. KI LE DIREKSYON JENERAL BIDJE KREYE ? 

  • Se depi nan konstitisyon 1957 la yo pale de enstitisyon sa a pou premye fwa. Lè sa a li te rele
    "Ofis Bidjè". Men, se lwa 8 me 1962 a, ki pibliye nan dat 17 me 1962 ki sèvi Direksyon
    Jeneral Bidjè batistè ;
  • Nan lane 1987 yon dekrè ki adopte nan dat 5 me chanje non "Ofis bidjè" a pou li tounen :
    Direksyon Jeneral Bidjè.

3. KOMAN DIREKSYON JENERAL BIDJE FONKSYONE

Direksyon Jeneral Bidjè Fonksyone ak sèt (7) direksyon ki gen sou tèt yo yon direkksyon jeneral. Chak
direksyon sa yo gen yon fonksyonè yo bay tit "direktè" ka dirijet yo.
Twa nan direktè sa yo gen yon fonsyonè ki asiste yo. Yo gen tit "asistan-direktè".

DIREKSYON JENERAL BIDJE- KONSEY DIREKSYON

 

4. KISA BIJE A YE ?

  • a. Bidjè Leta a se yon previzyon :i. Sou kantite lajan LETA a ka rantre (RESÈT) ;ii. Sou kantite e koman leta pral itilize lajan li ap rantre a (DEPANS) ;iii. se yon pakèt kalkil otorite yo fè sou kantite kòb yo prevwa rantre (swa sou sasitwayen yo kapab  peye kòm taks, swa sou aktivite leta a fè pou vann byen ak sèvis,swa sou kòb leta a rantre kòm èd, don oswa prè) pandan ane fiskal la ki pou pèmètleta jwenn mwayen pou l fè wout, bay sekirite, konstwi lopital, fè lekòl, bay kouran,bay dlo potab, elatriye.

  • b. Lwa pou fikse lajan Leta gen pou l resevwa, ak lajan Leta gen pou l depanse. Yo rele lwa sa a, Lwa sou bidjè leta

5. KISA KI LETA A?

LETA se yon ESPAS ki sènen ak FWONTYÈ, epi ken pwòp LWA pa li. Nna sa ki konsène lajistis, Leta a se tout enstitisyon ki gen pouvwa sou tou popilasyon an nan sa ki gen pou wè ak
ENTERE JENERAL.

Enstitisyon ki nan tèt Leta a oganize konsa :

6. KISA ENSTITISYON KI NAN LETA A?

ADMINISTRASYON LETA
Se tout enstitisyon k ap bay popilasyon an sevis gratis (ministè yo, Palman an, Pouvwa
jidisyè a ak Enstitisyon Endepandan yo

                ANTREPRIZ PIBLIK
Se tout enstitisyon Leta ki ap bay sevis pou rantre lajan pou fè benefis

ADMINISTRASYON SANTRAL
Se tout enstitisyon ki ap bay popilasyon an sèvis gratis ki fè pati pouvwa ekzekitif la

7. KI ENSTITISYON BIDJÈ LETA A KOUVRI ?

Bidjè Leta a kouvri tout enstitisyon administrasyon Leta a.

Tout Lòt enstitisyon yo gen libète pou fè pwòp bidjè pa yo pou kont yo ak lajan yo espere rantre.

Leta santral ka ba yo èd si yo prevwa fè defisi
Tou kòm yo ka ede leta kouvri defisi pa li si l gen nesesite.

8. KÒMAN BIDJÈ LETA A PREPARE?

  •     Chak ane Leta prepare bidjè li pou ane ki ap vini an. Premye travay li fè a, se gade dokiman
    kad ki fikse objektif Leta a sou plizyè lane pou wè ki konsekans li genyen sou nouvo bidjè a e
    kijan, si sa ta dwe fèt, nou ka korije li ;
  •     Apresa, yo fè previzyon sou jan ekonomi peyi a pra l ye : eske aktivite yo ap rapòte plis kòb,
    eske pri yo ak ogmante osinon eske dola ap vin pi chè pa rapò ak goud la ;
    Lè kalkil sa yo fin fèt, nou gade bidjè tout enstitisyon yo genyen deja pou nou verifye si yo ka
    bay menm sèvis la sizanka pa ta gen chanjman ;
  •     Travay sa yo pèmèt ministè finans ak ministè planifikasyon prepare yon dokiman pou enfòme
    tout enstitisyon yo sou yon premye chapant nouvo bidjè a e mande yo fè pwopozisyon pa yo
    sou sa yap bezwen pou yo fonksyone apre ke chef gouvènman bay yo priyorite l pou ekzèsis
    fiscal kap vini an. Enfòmasyon sa yo al jwenn yo sou fòm yon lèt yo rele lèt kadraj ;
  •     Lè yo fin resevwa lèt sa a tout enstitisyon yo prepare pwopozisyon bidjè pa yo pou yo vin
    diskite l ak ministè finans ak ministè planifikasyon ;
  •     Dènye desizyon yo pran nan nivo premye minis la. Apre sa se Direksyon Jeneral Bidjè ki gen
    responsablite pou prepare dokiman ki pral adopte nan konsèy minis yo ;

9. POU KONBYEN TAN BIDJÈ LETA A PREPARE?

Lè bidjè leta a fin prepare, li al Lachanm (nan Palman an) pou yo vote l. Apre sa li dwe tounen bay
Gouvènman an pou l pibliye anvan premye oktòb ki se kòmansman egzèsis fiskal la nan peyi Dayiti.                  Se nan dat sa a bidjè a kòmanse egzekite chak ane, pou li bout 30 sektanm lòt ane.

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …