AYITI/PANDEMI: YON PREMYE LO MATERYÈL RIVE NAN PEYI A POU EDE POPILASYON AN LITE AK KOWONAVIRIS LA.

Prezidan repiblik la Jovenel Moïse, premyè dam nan Martine Moïse, premye minis la Joseph Jouthe, minis sante piblik la Greta Roy Clement ak plizyè lòt manm nan gouvènman an resevwa jounen jedi 7 me 2020 an premye lo materyèl yo te kòmande yo.

Minis sante piblik la ki tap reyaji fè konnen materyèl sa yo se pou ede yo. Konbat covid 19 la nan peyi a epi bay swen ak moun ki deja genyen li yo, selon Clement yo resevwa nan premye kagezon sa 500 kabann, 100 respiratè atifisyèl, 250 mil vizyè pou pèsonèl medikal la, 200 mil mas, 50 mil mas N95 pou moun ki pral bay malad yo swen ak plizyè milyè linèt.

Nap raple gen materyèl kap vini toujou nan mwa me a men poko genyon jou fiks pou lòt kagezon yo selon sa minis sante piblik la fè konnen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …