AYITI/ENSEKIRITE: YON PAPA KOUPE TÈT YON PITIT LI EPI LI ANTERE LI NAN LAKOU LAKAY LI.

Nam komin Site Solèy yon papa koupe tèt yon pitit gason ke li genyen epi li antere li nan lakou lakay li apre pitit la ta menase touye manman li.

Papa a pran desizyon sa apre li te ale nan komisarya pandan twa fwa kote li tal fè konnen madanm li an difikilite men li pat jwenn okenn sipò nan men polisye yo selon sa li fè konnen li te oblije bay tèt li ak madadanm li jistis pandan pitit la antre nan kay la li met manchèt sou li rache li epi antere li nan lakou kote lap viv ak madanm li an.

Selon papa a, pitit la ta yon bandi epi li nan baz, li te fè manman an mawon kite kay la, manman an ki te vin chache kèk bagay enpòtan ke li te bezwen nan kay la, se nan moman an pitit la ta pral vini pou touye li selon enfò yo se nan moman papa a ta pral touye li li menm, nan moman nap pale papa a nan men otorite jidisyè yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …