Conflict between USA and China, male fists - governments conflict concept

ETAZINI/LACHIN : CHIRE PIT ANT PEYI ETAZINI AK LACHIN NAN VLE PRAN YON LÒT DIMANSYON.

Kowonavirus la ki te parèt tèt li nan vil Wuhan peyi Lachin nan fen ane 2019 lan boulvèse mond lan anpil, depi kèk semèn administrasyon Trump lan akize Pekin pou tròp tan yo te pran pou bay enfòmasyon sou epidemi an ki pase an pandemi.

Prezidan Ameriken an ,Donald Trump ki ap prepare pou li retounen nan eleksyon nan mwa novanm 2020 kap vi la, li te wè posibilite pou li mande Pekin paye plizyè milya dola pou repare sa.

Peken ak Washington ki te deja gen ti chirepit antre yo depi plis pase de (2) lane avèk administrasyon Trump lan ki te penalize kòmès entènasyonal la, bagay yo vin parèt pi konplike akoz pandemi sa ki pran nesans nan peyi Lachin, prezidan ameriken an pa janm rate yon okazyon pou li pa voye yon ti pwent sou peyi Lachin, yon sityasyon ki bay gwo kè sote nan mond lan .Donald menase koupe tout relasyon li gen ak Pekin.

 

Angeline Michel

kredi foto: Port-au-Prince Post

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …