Nan yon konferans pou laprès minis Jistis la mèt Lucmane Delille fè konnen ti mesye polisye ki bay tèt yo non fantom 509 yo se yon bann teworis e li denonse yon plan ke yap prepare pou atake kòtèj prezidan repiblik la Jovenel Moïse.
Ansyen GNB (Grenn nan bouda) a mèt Lucmane Delille frape lestomak li byen fò pou di ti mesye 509 yo ke li la e li ba yo kwa manman yo ak kwa papa yo pou vin atake ministè a ak plizyè lòt bwa leta ankò jan yo te fè sa deja. Minis lan di li pap tolere jan de zak sa yo nan peyi a ankò.
Minis lan fè konnen nan tout peyi dimond lè yo atake kòtèj yon prezidan yo rele sa zak teworis e tout moun konnen ki sa ki ka rive yo, selon ansyen GNB an yap prepare atak sa pou di prezidan an fè masak.