ENTÈNASYONAL/ESPÒ: CRISTIANO RONALDO SOU WOUT POU TA POTE KOULÈ EKIP BARCELONE

Yon jounalis nan peyi Espay anonse ke ajan CR7 la Jorge MENDES ofri Barcelone sèvis atakan pòtigè a, apre anpil kritik jwè a ap pran pou eliminasyon ekip Juventus la fas Olympique Lyonnais nan 1/4 de final lig dè chanpyon an.

Yon enfòmasyon ki mete anpil chalè nan zafè transfè, men sa ki kapab konplike pou ekip Barcelone nan akoz sèlman salè Leonel MESSIE koute ekip la swasant dis (70) milyon ewo pa ane si tout fwa CR7 ta rejwenn ekip la salèl kapab konplike zafè finansyè ekip la ki deja ap konnen gwo pwoblèm apre pandemi covid-19 la ki gate tout aktivite, yon enfòmasyon anpil moun ap swiv avèk anpil enterè pou konnen kijan sa ap fini.

Otè : Jemsley JOSEPH

KREDI FOTO: CNEWS

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …