Chadwick Boseman aktè nimewo #1 nan film Black Panther a ki gen 43 lane mouri lakay li nan mitan fanmi li, ak yon kansè kòlon ke fanmi anonse nan yon kominike ke yo pibliye sou rezo sosyo yo samdi 29 dawout 2020.
Chadwick Boseman nan lane 2013 te benefisye yon wòl nan lejand baseball Jackie Robinson nan 42 de Brian Helgeland .li te jwenn glwa nan lane 2014 pou entèpretasyon James Brown nan Get on Up de Tate Taylor selon aktè Mark Ruffalo nan moman sa yo se grandè li ki te kòmanse.
Fanmi Boseman , zanmi ,fanatik ak dlo nan zye nan moman kote yo pap janm bliye Chandwick ki jwe yon gwo wòl nan black panther nan lane 2018 epi kite gen lòt rèv pou pataje ak lemond.
Angeline Michel