AYITI/ENSEKIRITE : BAGAY YO RÈD NAN BÈLÈ NAN AFWONTMAN BANDI YO.

Plizyè fanmi kouri kite kay yo nan zòn Bèlè al refijye sou channmas ak dlo nan zye konsa gen lòt ki pèdi lavi yo akoz bandi ki ap twoke kòn yo avèk bandi nan Delmas 2 nan lannwit Lendi ki se dènyè jou nan mwa Dawout 2020 an nan 6zè aprè midi.

Moun sa yo ki pat ka reziste ak sa kap pase nan zòn nan met van nan zèl yo pou sove lavi yo anba katouch dife bandi yo pran plezi mete nan kay yo selon sa yo fè konnen.

Pèsòn pako kapab konnen kisa ki leve gè sa ant de (2) zòn sa yo ki menm pataje limit kominal ansanm sa ki paralize aktivite ekonomik yo nan zòn nan sitou nan transpò piblik la.

 

 

Otè : Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …