AYITI/ENSEKIRITE: VÒLÈ KASE KAY BATONYE A APRE YO TE FIN TOUYEL.

Pou premye septanm ane 2020 an yon lòt fwa ankò zak ensekirite a moutre leta pa gen kontwòl anyen nan anyen sou tèritwa pèp Ayisyen an, moun yo pa rive idantifye kase kay defen batonye Monferrier DORVAL epi pote ale baton ki reprezante senbòl batonye a.

Mèt Aramick Louis ansyen sekretè Deta pou sekirite piblik la di sou antèn radyo Kiskeya ke li pa ka konprann pou leta ap jere yon dosye ki reprezante yon pakèt bagay pou nasyon an avèk anpil feblès kote yo pa menm mete siveyans sou kay batonye a apre bandi te fin touyel jiskaske vòlè kase kay la e pote ale sa yo te bezwen.

Nap raple zak sa fèt pou premye jou nan mwa septanm lan malgre yon mach pasifik te òganize pou mande jistis pou Mèt Monferrier DORVAL.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …