AYITI/SOSYAL: LOTRI LETA AYISYEN (LEH) AN KOLABORASYON AK KONPAYI TELEFONIK NATCOM DISTRIBIYE KIT BAY KÈK CHOFÈ MOTO.

Lotri Leta Ayisyen (LEH) ki gen nan tèt li direktris jeneral Maguarette FORTUNÉ avèk kolaborasyon konpayi telefonik NATCOM distribiye plizyè kit tankou kachne, limyè pou moto ak djakèt bay kèk chofè moto ki konn mennen anplwaye avèk kèk kliyantèl nan lokal Lotri Leta Ayisyen an (LEH) jounen Jedi 3 Septanb 2020 an nan lokal yo sou zòn Pacot nan Pòtoprens.

Direktris lan fè konnen yo gen de (2) lane depi yap kolabore avèk Natcom epi se toujou yon plezi pou yo met tèt ansanm pou satisfè bezwen popilasyon an nan fè sosyal tankou nan zafè entènèt, nan rantre lekòl avèk fèt nwèl kote yo konn distribiye jwèt avèk anpil lòt bagay bay jèn yo nan peryòd sa pou montre enpòtans yo nan zye de (2) konpayi sa yo.

Direktris Lotri Leta Ayisyen an (LEH) di li konnen yo pa rive konble satisfaksyon tout moun men se te yon triyaj yo fè pou distribisyon sa, yap planifye avèk responsab Natcom yo yon pwochèn fwa pou konble bezwen plizyè moun.

 

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …