AYITI/AKSIDAN : DE (2) ETIDYAN MOURI NAN YON AKSIDAN NAN VIL OKAP.

De (2) jèn etidyant pèdi lavi yo nan yon gwo aksidan moto nan lannwit madi 29 septanm 2020 an nan vil Okap apre yon kamyon ta pral teke moto ke yo te sou li a.

Etidyan sa yo ki pèdi lavi yo nan terib aksidan sa te nan twazyèm ane syans enfimyè nan fakilte Notre Dame de la Sagesse, Kennie Ruth Sheilla ki gen 22 lane ta pral mouri sou plas nan lannwit madi a epi Deborah Deby Pierre li menm ki gen 25 lane ta pral mouri jounen mèkredi 30 septanm 2020 an nan lopital inivèsitè Justinien nan vil Okap.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …