Marin nan peyi Kolonbi sove 94 ayisyen ki tap kite peyi Dayiti pou al chache lavi miyò nan peyi lòt bò dlo sou yon ti bato.
Ti bato sa ki rele Jhosua te gen ladann 94 ayisyen 61 granmoun ak 33 timoun ta pral gen pwoblèm motè nan mitan lanmè a, ajan marin kolonbyèn yo ki pat twò lwen te rive atan pou sove ayisyen sa yo epi remèt yo bay imigrasyon.
Selon premye detay ke otorite nan peyi Kolonbi yo bay ayisyen sa yo tap tante rantre Panama apre pou yo ale nan plizyè lòt peyi an amerik disid ak peyi Etazini.