AYITI/POLITIK: GWO BOUCH LOUVRI NAN MITAN OPOZISYON  AN NAN LAKOU PEYI DAYITI.

Opozisyon an nan lakou peyi Dayiti twouve li nan yon sityasyon difisil depi yon bon bout tan, sa vin pi dejenere apre konfli ki egziste ant plizyè lidè nan sektè ki pote non sektè demokratik epi popilè a ak ansyen senate Kelly C.Batien.

Konfli sila vini apre yon swadizan rankont ant sektè ki pote non sektè demokratik la epi popilè a ak Liné Balthazar ki se reprezantan PHTK epi pouvwa an plas la pou yo ta fòme yon nouvo gouvènman. Nan yon lèt tou louvri Ansyen senatè Kelly C.Batien anonse li lage pyel nan sektè a epi fè konnen li pap trayi lit pèp la, li pap krache sou kadav moun ki mouri Belè Lasalin yo pou repete kèk mo nan sa Kelly C.Batien di yo, Senatè a declare se opozisyon an menm ki te ba li manda pou reprezante yo epi se menm yo menm kap fè vye rimè kouri sou li sou rezo sosyo yo.

Sektè a ki tap tann reyaksyon ansyen senatè a pa pran tan pou mande li vini ak manda ke yo te ba li pou al reprezante yo nan rankont ak PHTK a, sityasyon an ta pral manke degrade nan emisyon ramase kote animatè emisyon sila ta pral fè anpil efò ak koub pou te evite plis lòbèy pete nan sa ki tap di ant Marjorie Michel ak ansyen senate a.

Anpil moun konstate depi yon bon bout tan opozisyon parèt pèdi kontwòl laria, yo pa twò prezan nan manifestasyon yo, manke kòdinasyon antre yo pou site sa yo. Anpil rimè ap kouri sou anpil nan lidè yo ki ta nan koripsyon. Yon dosye nap swiv.

 

KREDI FOTO: Europe 1

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …