AYITI/REVOKASYON: MESYE LAPONYÈT LA REYAJI APRE LÈT REVOKASYON LI.

Apre gouvènman an te fin pran desizyon revoke premye sekretè konsila peyi Dayiti a nan Bayamas Karl Henry Chatelier apre yon video ki tap pibliye sou rezo sosyo yo kote li tap frape yon laponyèt reyaji nan yon lèt tou louvri.

Nan lèt la mouche a denonse revokasyon li an ki ilegal, selon Chatelier li viktim de yon konplo ke li menm lap chache konnen kiyès ki dèyè sa, li di li fè travay li kòm sa dwa epi li respekte tout prensip antanke diplomat. Diplomat la di li fè tout karyè li li pap janm resevwa yon lèt de blam.

Diplomat la trouve sa dwòl pou li ap pipi nan yon douch epi pou yon moun pran video sa pou poste li sou rezo sosyo yo epi pou yo revoke li nan djòb li san yo pa bal okenn eksplikasyon. Chatelier mande pou yo ba li vrè rezon ki fè yo revoke li a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …