AYITI/ENSEKIRITE : NAN YON DJЀL DE GWOUP BANDI PLIS PASE 2000 KAY BOULE AK PLIZYЀ MOUN MOURI.

Nan yon gwo djèl ki eklate  nan lannwit madi 6 oktòb 2020 an  ant de gwoup bandi nan sizyèm seksyon kominal Lafag ki chita kò li nan komin Saint Louis du Nord ki nan depatman Nòdwès peyi Dayiti pou pi piti 2000 kay boule epi 14 moun pèdi lavi yo.

Gwoup bandi sa yo kap twoke kòn yo a se Eric Prosper ak Levelts selon CASEC zòn nan Tanissaint Joassaint ki tap reyaji nan laprès jounen mèkredi 7 oktòb 2020 an, selon CASEC la konfli bandi sa se pou pran kontwòl zòn se yo kap fè lalwa depi 5 lane, pi fò moun oblije kite zòn nan pou sove lavi yo anba bal bandi sa yo, CASEC la mande sekou pou moun sa yo ki gaye nan lari san yo pa konn kote yo prale, li mande pou ta genyon komisarya nan zòn nan epi pou ta ogmante efektif polisye yo pou moun yo ta rale yon souf anba men bandi sa yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …