ESPÒ/ELIMINATWA: MESSI BAY SELEKSYON AJANTIN NAN PREMYE VIKTWA LI, BREZILYEN YO PAP KA KONTE SOU NEYMAR.

Eliminwa koup dimond lan pou zòn amerik disid la demare lannwit jedi 8 oktòb 2020 an ak yon match Ajantin Ekwatè kote ajanten yo ta pral konte sou jwè vedèt yo Lionel Messi  ki ba yo viktwa depi nan 13 minit sou penalite (1-0).

Ajantin ak Ekwatè pat sèl afich pou lannwit lan, ekip Paragwe ki tap resevwa Pewou fè yon match nil (2-2) Angel Rodrigo Romeo ta pral make yon double pou Paragwe (66,81’) epi Andre Carrillo make yon double pou ekip Pewou a (52,85’).

Irigwe ki tap resevwa ekip Chili fè yon viktwa (2-1), Luis Suarez ta pral make sou penalite nan 39 minit nan match la, Alexis Sanchez ta pral egalize pou chilyen yo nan 54 minit epi Maxi Gomez nan 90+3 ta pral bay ekip Irigwe a viktw a.

Ekip Brezil la pral gen pou afwonte Bolivi aswè a men san jwè vedèt yo Neymar ki ta pral kite antrennman yo apre li te fin blese nan do.

Kolonbi bò kote pa li pral resevwa ekip Venezwela a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …