AYITI POLITIK: YON GWOUP ANSYEN DEPITE METE ANSANM EPI BAY TЀT YO YON MISYON.

“Le Groupe des anciens parlementaires pour l’équilibre politique en Haïti ‘’ se non yon gwoup ansyen depite bay tèt yo.

Gwoup depite sa yo ki gen nan tèt yo Jean Wilson Hyppolite, Price Cyprien, Jean Willer Jean ak 38 lòt depite bay tèt yo pou misyon selon sa yo di pou yo pwoteje valè demokratik yo, chache ekilib, sosyal, politik epi ekonomik pou evite  tout sòt deriv bò kote pouvwa ak nan opozisyon an. Gwoup depite sa yo di yo pral jwe wòl medyatè pou pwoteje enstitisyon demokratik yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …