LEMOND/DRAM : TWA MOUN BLEZE 2 POLISYE AK BAL NAN HERBLAY PEYI LAFRANS

twa bandi blese  de (2) polisye an sivil  grav ak bal Mèkredi 8 oktòb 2020 an  pandan yo te fin  vòlè zam polisye yo ki te nan misyon nan rue Gwo Chèn nan zòn endistiyèl Herblay nan Val –d’Oise .

De(2)viktim sa yo ap travay nan komisarya Cergy –Pontoise ,yon se majò an ki gen 45 lane  lòt la se yon gadyen pou lapè ki gen 30 lane daprè enfòmasyon yo se kay yo tap verifye .

Gadyen an blese 4 fwa nan janm li epi yo te ba li kou nan tèt ,li te pèdi konesans pandan yo tap mennen li lopital Beaujan Clichy. Kanta pou majò a gen 2 bal  ki blese li nan janm epi li gen tras kou li pran nan figi li.

Minis enteryè a  Gérald Darmanin nan yon twit fè konnen zak vyolans se yon bagay moun  paka kwè ki rive a.yap fè tout efò pou yo jwenn moun ki fè aksyon sa.

Angeline Michel

kredi foto:20 minites

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …