ETAZINI /ELEKSYON : MICROSOFT DEMOUTE YON REZO PIRAT KI TA PRAL SABOTE ELEKSYON PREZIDANSYÈL AMERIKÈN NAN.

Microsoft demoute yon operasyon masiv pirataj ke konpayi an di ki te kapab afekte endirèkteman eleksyon prezidansyèl la si li te kontinye.

« TrickBot se yon rezo malveyan masiv ki pèmèt pirat yo vann sa Microsoft rele yon  » sèvis pou lòt pirat parèy yo » kap ba yo kapasite pou enfekte òdinatè ki vilnerab yo, woutè yo ak lòt aparèy avèk pwòp lojisyèl malveyan yo an.

Opozan yo kapab itilize yon lojisyèl ki chè anpil ki pou enfekte sistèm enfòmatik elektoral la, yon fason pou kenbe lis votè yo oswa rezilta yo nan lannwit eleksyon an epi bloke aksè nan yon moman espesifik, chwazi pou kreye dezòd ak mefyans. » daprè deklarasyon Tom Burt ki se Vis Prezidan Sekirite Sosyal Microsoft te ekri sou kont Twitter li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …