AYITI/POLITIK: ANSYEN SENATÈ MOÏSE JEAN CHARLES SOTE YON FYOUZ POU MANIFESTASYON 17 OKTÒB LA.

Ansyen senatè Moïse Jean Charles demanti ansyen kòlèg li Nenel Cassy ki te fè konnen nan yon konferans pou laprès ke li te pale ak li nan telefòn pou li vin pile beton an avèk yo nan manifestasyon 17 oktòb 2020 kap vin la.

Moise Jean Charles ki tap reyaji nan emisyon boukante la pawòl sou radio Mega di se manti ansyen senatè Nenel Cassy ap bay, li di li pat janm pale ak kòlèg li Nenel Cassy, Moïse Jean Charles ale pi lwen pou li di pou kòlèg li a pwouve kote yo te pale nan telefòn nan epi li deklare si gen pou envite nan manifestasyon se li menm ki pou envite ansyen kòlèg li Nenel Cassy ak patizan li yo nan manifestasyon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …