AYITI/TANSYON: ANPIIL SAN MENASE KOULE NAN LAKOU PEYI DAYITI JOU KAP 17 OKTÒB 2020 AN.

Opozisyon an nan lakou peyi Dayiti anonse yon gwo manifestasyon pou jou kap 17 oktòb 2020 an ki menase san koule jan san papa nasyon an Jean Jacques Dessalines te koule a.

Yon manifestasyon ki bay gwo kè sote nan peyi a epi ki gen gwo pale anpil nan mitan lidè yo ki divize, apre ansyen senatè Moïse Jean Charles fin demanti kòlèg li Nenel Cassy ki te di li pale avèk li nan telefòn pou li vin patisipe nan manifestasyon 17 oktòb 2020 an, Moïse Jean Charles poze kondisyon pou li patisipe nan manifestasyon an, lidè pitit Dessalines nan di depi manifestasyon an prale devan anbasad peyi Etazini, li ap sou teren an an premye epi lap nan tèt manifestasyon an, yon kondisyon ki sanble parèt konplike pou lidè gwoup ki bay tèt li non sektè demokratik epi popilè a.

Popilasyon an ki livre a li men ta pral fè gwo kè sote apre yon video kap mache sou rezo sosyo yo kote ansyen polisye Jimmy Cherisier ke tout moun konnen sou non Babekyou anonse la koulè ak tout moun ki deside pran lari a pou latwoublay selon sa li di, pwisan chèf bandi G9 la fè konnen nan yon video ke se byen jwenn ak byen kontre kap nan lari jou kap 17 oktòb 2020 an, Babekyou sèmante pou jounen an pase dous li fè konnen G9 ak alye li yo ap sou beton an li menase frape fò, sa ki mete gwo kè sote nan mitan popilasyon an.
Nap raple Babekyou gen non li site nan yon pil masak nan peyi a sitou nan zòn lasalin, men sa li toujou demanti epi gwoup bandi kap dirije lasalin yo se alye G9.

Tansyon an pral moute pirèd nan tèt anpil moun lè youn nan chèf bandi ki gen kontwòl zòn pon wouj deklare nan yon ti video ke yap tann prezidan an Jovenel Moïse bonè bonè epi li menase tout moun kap vin rele anba li yo, mouche deklare depi yon moun ta gen malè desann pon wouj lap baw nan danl.

Yon gwoup nan zòn Solino ki gen pou alye Belè selon enfòmasyon yo, yo menm yo anonse yap pran beton an pou yo al defann dwa yo epi yo anonse yon vèy depi aswè vandredi 16 oktòb 2020 an gwoup sa fè konnen yo pap pran presyon nan men G9, yo di yo prè pou afwonte gwoup ki gen nan tèt li Babekyou a. Nap raple Belè se youn nan zòn ki pa sou zòd G9 la epi zòn sa bloke depi kèk mwa.

Bagay la pral vin pi mangonmen lè bri kouri nan kapital la ke gwoup fantom 509 ki anndan Lapolis anonse yo menm yap sou beton an, Gros Nègre Abelson ki se pòt pawòl SPNH la ki revoke nan lapolis la mande ak ansyen polisye parèy li Jimmy Cherisier pou kite moun yo manifeste paske se yon dwa yo genyen, li raple Babekyou ke li viktim menm jan avèk li de sistèm sa, li mande li pou rejwenn yo epi li anonse lap sou teren an.

André Michel ki se pòt pawòl sektè ki bay tèt li non sektè demokratik la epi popilè a pa gen lòt rèv ke tranzisyon, malgre gwo menas divizyon li mande popilasyon an pou pran lari a 17 oktòb 2020 an pou al manifeste pou fòse Jovenel Moïse kite pouvwa a.
Nap raple André Michel ak tout sektè li a poko janm desann sou beton an pou al ede etidyan yo kap chache jistis pou kamarad yo Gregory St-Hilaire selon remak kèk moun nan popilasyon an.

Anpil rimè ap kouri nan tout peyi a sou anpil lòbèy kap prepare pou fèt jou kap 17 oktòb 2020 an sa ki mete gwo mache nan popilasyon an kote yap prepare pou remèt mèt peyi yo lari a.

 

Kredi foto: Skyrock.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …