AYITI/KOMEMORASYON: PREZIDAN REPIBLIK LA MANDE POU TOUT MOUN MET MEN ANSANM.

Pou selebre 214 lane lanmò papa nasyon an anperè Jean Jacques Dessalines jounen samdi 17 oktòb 2020 an, prezidan repiblik la depoze yon jèb flè nan memwa li nan mize pantewon nasyonal (MUPANAH).

Apre prezidan repiblik la fin depoze flè a li mande pou tout moun mete tèt ansanm pou pèmèt peyi a rale yon souf nan yon twit li fè tou swit apre. Jan anpil moun tap atann, prezidan an pa desann Ponwouj yon deplasman ki te bay gwo kè sote nan mitan moun kap viv nan lakou peyi Dayiti sitou apre plizyè menas ki tap fèt sou rezo sosyo yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …