AYITI/BIZNIS: ASOSYASYASYON « SA SE BIZNIS PAM » BAY YON PLAK DONÈ AK PDG FÈM FLAMBOYANT AN POU TRAVAY LI.

Nan yon fwa retwouvay ke asosyasyon « sa se biznis pam » te òganize nan lannwit vandredi 23 oktòb 2020 an nan la Réserve restaurant ki chita kò li nan komin Petion vil, SSBP onore Michelet Edouard.

Michelet Edouard se pdg fèm Flamboyant, li resevwa prim antreprenè pou ane 2020 an, pdg a resevwa prim sa pou kouraj li, dinamis ak lidè chip pou travay ke li fè pou li mete fèm Flamboyant kanpe.

Selon pdg Michelet Edouard fèm Flamboyant se yon antrepriz ki ap travay nan sektè agrikòl la epi se sèl antrepriz peyi Dayiti kap pwodui vyann poul epi vann yo ak bon pri, pdg a remèsye SSBP ki pote atansyon avèk li nan travay lap fè a, li ankouraje antreprenè parèy li yo pou yo kontinye envesti  nan peyi a pou kreye richès ak plis travay.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …