AYITI/KRIM: PAPA OBED JOSEPH KI TE GEN  ANPIL BRI KOURI SOU LI, KI TA FЀ KWЀ LI MOURI PARЀT TЀT LI.

Papa Obed Joseph ke anpil rimè tap kouri sou li kòm kwa li mouri apre mesye G9 yo te fin mare pitit gason li Obed Joseph  mennen li bay lapolis nan lannwit mèkredi 4 novanm 2020 an parèt tèt li byen bonè maten madi 10 novanm 2020 an nan jounal premye okazyon sou radio television caraibes.

Papa Obed ki rele Gerard Joseph fè konnen li pa mouri jan rimè yo ap kouri a e ni nonplis li pap resevwa okenn menas nan men pyès moun, Gerard Joseph rekonèt pitit gason li te gen ti mès e se nan mete prensip sou li manman Obed ta pral fè arete li epi yo ta pral separe.

Gerard Joseph fè konnen lè li fin aprann nouvèl la, li tap planifye pou li te mennen Obed Joseph nan DCPJ, li te gentan tcheke yon avoka pou asiste li epi li tap fè demach lajan pou yo te ale nan DCPJ nan jedi maten men sa pat gentan fèt akoz mesye G9 yo te gentan vin pran Obed lakay li nan mèkredi swa epi al remèt li nan komisarya pòtay St Joseph la.

Papa Obed deklare si se pitit li Obed Joseph ki touye Evelyne Sincère li prè pou li asiste yo touye Obed joseph devan je li.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …