AYITI/FINERAY: KЀK ZANMI AK FANMI EVELIYNE SINCERE RANN LI YON DЀNYE OMAJ APRE BANDI TE FIN KIDNAPE LI EPI TOUYE LI.

Fineray Evelyne Sincére ke bandi te kidnape jou ki te 27 oktòb 2020 an epi fanmi li ta pral jwenn li mouri sou yon pil fatra nan blòk Dèlma 24 ak nazon 1e novanm 2020 an chante jounen jedi 12 novanm nan legliz Baptiste Plezans disid.

Lanmò Evelyne Sincère te touche anpil moun kap viv nan lakou peyi Dayiti epi  te mete gwo kè sote nan mitan jèn fi ak ak anpil paran apre jan Gran sè Evelyne Sincère ak papa li tap rakonte jan yap viv epi ki demach yo tap fè pou te jwenn lajan pou te bay asasen yo pou te jwenn lavi jèn ti fi sa ki te sèlman gen 22 lane.

Lapolis ak sipò ansyen polisye Jimmy Cherisier kap dirije G9 ta pral mare asasen #1 Obed Josep alyas Kiky epi nan yon entèvansyon lapolis ta pral fè apre yo te fin jwenn Obeb yo ta pral met men sou Éval Domerçant ak Michel Domerçant de lòt asasen ki avwe se yo ki komèt krim nan.

KREDI FOTO: LA BREVE.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …