LEMOND/AKSIDAN: NAN PEYI LIBI 2 BATO FÈ AKSIDAN NAN MENM JOU.

Nan lannwit jedi pou rive vandredi 13 novanb 2020 an peyi Libi pèdi pou piti 100 moun nan 2 aksidan bato .

Yon premye aksidan ki fèt nan kot Libyen an lakoz 20 moun pèdi lavi yo, aprè kèk tan yon lòt nan yon lòt bato gen pou piti 74 moun ki mouri daprè medsen San fwontyè(MSF).

yon ONG sou Twitter fè konnen nan premye bato a gen 20 moun ki nwaye, selon ekip MSF nan vil Sòman gen 3 fanm sèlman ki viv.

Òganizasyon entenasyonal pou migran (OIM) te anonse gen pou pi piti 74 moun ki mouri nan lòt bato a nan vil kotyè libyèn nan .

Pechè ak gad kot yo te gentan pran 47 moun mete sou tè a yo pat gentan nwaye.

Angeline Michel

kredi foto: 20 minutes.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …