Minis kilti ak komonikasyon an nan yon nòt pou laprès anonse avek anpil tristès lanmò Michel Monnin vandredi 13 novanm 2020 an ki sot pase a nan lopital Petyonvil aprè yon emoraji serebral.
N’ap raple Michel Monnin fèt an swis an 1940 li te rantre an Ayiti nan lane 1948 li fè etid primè li Saint- Louis Gonzague an 1956.
Michel Monnin,selon MCC te trè aktif nan milye atistik la e sitou nan domèn penti.
Minis kilti a koube byen ba devan kadav Michel Monnin.
Maritza Deise