AYITI/KIDNAPIN :LAPOLIS  RIVE PRAN 2 TIMOUN BANDI TE KIDNAPE   NAN VIL JAKMÈL SE TA YON POLISYE KI TA DÈYÈ AKSYON SA.

Moun yo pa rive idantifye an kagoul eseye kindnape yon moun nan vil  Jakmè Jounen dimanch 22 novanm 2020 an se gras ak  ajan inite depatman ki la pou mete lòd  (UDMO) YO ki fè sa pa gentan rive.

Endividi  sa yo te nan yon machin ki gen yon plak  BB -28371 kote yo te gen 2 timoun yo te kidnape lapolis te rive pran yo men  bandi yo te rive chape poul yo.

Daprè temwen yo fè konnen kidnapè a se yon  ajan nan polis nasyonal la  menm komisè gouvènman Jakmèl la Lionel Chérisma te soutni pawòl sa.

Lionel Cherisma konsève non polisye a akoz li kwè fòk gen yon ankèt serye ki fèt nan dosye pandan li fè konnen akize a dwe arete pou repònn kesyon lajistis.

Angeline Michel

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …