Yon ti bis ki kònn pote moun kap travay nan izin twal ak yon kamyon frape ansanm epi touye pou pi piti 37 moun nan sidès peyi Brezil Mèkredi 25 novanm 2020 an daprè lapolis.
Ti bis lan te pote moun kap travay nan izin twal lan ,li te antre sou kamyon an trè vyolan men yo poko jwenn rezon ki fè sa rive nan vil Taguai nan eta Sao Paulo.
Premye bilan yo te rapòte 32 moun te mouri. daprè laprès nan rejion an te gen anviwon 53 moun ki te nan ti bis lan, pandan polisye yo te rive sou teren an te gen plizyè kò moun tout kote.
Angeline Michel
Kredi foto: la presse int