Bandi ak zam yo pa rive idantifye nan vil Okap ki chita kò li nan nò peyi Dayiti touye enspektè epi responsab brigad entèvansyon lapolis ayisyen Telford Ferais nan lannwit samdi 26 desanm 2020 an.
Telford Ferais resevwa plizyè bal nan men asasen yo nan yon zòn yo rele kafou Lacho nan antre lès vil lan daprè pòt pawòl lapolis ayisyen an nan depatman nò peyi a Anassé Dorival.
Diresyon depatman polis nasyonal fè konnen yap travay pou rive jwenn sikonstans lanmò enspektè Telford Ferais ki tap travay pou bay sekirite nan peyi a ki tonbe anba bal bandi.
Angeline Michel