AYITI/SEKIRITE: LAPOLIS METE BANDI 400 MAWOZO YO NAN KANPE LWEN APRE YON GWO ENTÈVANSYON

Lapolis mennen yon gwo operasyon dimanch 27 desanm 2020 an nan zòn Kwadèboukè kote yon gwoup bandi ki pote non 400 mawozo ap feraye depi yon bon bout tan.

Pandan operasyon sa lapolis rive mete anba kòd plizyè bandi nan baz sa kote yo jwenn plizyè machin ke bandi sa yo te vòlè, sèkèy ak mò ladann nan yon peristil ki ta baz bandi sa yo selon enfòmasyon nou rive jwenn. Baz sila ki gen nan tèt li lanmò 100 jou ki ta yon ougan bay anpil pwoblèm nan plèn nan dènye mwa sa yo kote yo fè anpil gwo vye zak tankou touye moun, kidnapin, vyòl ak lòt ankò.

Apre operasyon sa premye minis lan Joseph Jouthe pat pran tan pou bat gwo bwavo pou operasyon sila nan yon twit.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …