LEMOND/REZO SOSYO: TWITER KANPE DAN DI KONT PREZIDAN AMERIKEN AN DONALD TRUMP

Responsab rezo sosyal twitter yo pran desizyon bloke kont prezidan ameriken an Donald Trump jounen vandredi 8 janvye 2021 an apre yo te fin efase kèk twit Donald Trump te fè.

Desizyon sa pran paske Donald Trump vyole prensip twitter a selon enfo yo epi twit li yo menasan lap pouse patizan li yo fè vyolans ak gwo dega nan peyi Etazini, pou evite yon dezyèm deblozay apre sa ki te pase nan Capitol la twitter oblije bloke kont prezidan ameriken an nèt.

Nap raple kont prezidan an te deja bloke pou douzèd tan yo ta pral bal lese pase nan jedi 7 janvye a avan desizyon definitif la ki vin pran jounen vandredi a pou evite lòt deblozay.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …