Popilasyon Ti rivyè a nan depatman Latibonit frape pye yo atè pou elimine bandi ki anpeche yo viv espesyalman bandi ki nan baz « gran grif » ke Odma ap dirije.
Pou mete bandi sa yo nan kanpe lwen popilasyon an nan tèt kole ak lapolis ke yo te fòse akonpaye yo selon enfòmasyon yo mennen yon gwo operasyon nan zòn Savyen jedi 14 janvye 2021an kote yo mete men sou plizyè nan bandi Gran grif yo ke yo touye epi rache.
Operasyon sa ke lapolis poko bay yon bilan sou li koze anpil mò ak blese nan kan popilasyon an ak bandi yo, pami blese yo chèf tou pwisan baz gran grif la Odma ki ta pran bal selon enfòmasyon yo.