AYITI/ENSEKIRITE: LAPOLIS METE MEN SOU YON CHOFÈ TI BIS KI TAP TRANSPÒTE YON PIL KATOUCH.

Lapolis nan vil Senmak mete men sou yon chofè ti bis dimanch 24 janvye 2021an ki tap transpòte yon pil katouch ki te anviwon 766 selon enfòmasyon nou rive jwenn.

Chofè ti bis sa ki fè trajè Pòtoprens Ti rivyè Latibonit ta pral tonbe sou polis yo ki ta pral jwenn nan machin nan yon bwat DVD ki chaje ak katouch, selon premye deklarasyon chofè ti bis sa, se yon djòb li tap fè li pat konn si se katouch ki te nan bwat la, li fè konnen mèt livrezon an ap tann li Ti Rivyè.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …