Gadyen Ajax Amsterdam André Onana ap kanpe jwe pou 12 mwa se yon desisyon UEFA pran pou vyolasyon nan yon regleman antidopage kont li selon sa club lan ekri sou sit entènèt li vandredi 5 fevriye 2021 an.
Club Niyèlandè a fè konnen André Onana pat santi li byen 30 oktòb pase an li te vle pran yon konprime pou soulaje li malerezman se yon konprime Lasimic medsen te bay madam li kote gadyen Kamewounè te bwè li pa erè .
UEFA pran desiyon an apre yon kontwòl deyò kompetisyon an 30 oktòb pase an nan pipi gadyen yo te jwenn prodwi « furosémide « ladann.
Kamewounè André Onana gen plis chans pou li apsan nan semen kap monte an epi kont LOSC nan 16 èm final lig Europa 18 ak 25 fevriye an.
Angeline Michel
Kredi foto :equipe.fr