AYITI/POLITIK: PEYI ETAZINI DESIDE SOU MANDA PREZIDAN REPIBLIK LA JAN OPOZISYON AN TAP MANDE YO POU REYAJI A.

Ak kèk jou de 7 fevriye 2021 an ki pral make fen manda prezidan repiblik la Jovenel Moïse selon opozisyon an ki chita sou atik 134-2 nan konstitisyon an, peyi Etazini fè konnen ak plizyè lòt enstans nan kominote entènasyonal la ke manda prezidan an ap fini 7 fevriye 2022.

Otorite ameriken yo reyaji apre opozisyon politik la tap mande yo pou di mo pa yo sou kesyon manda Jovenel Moïse la, kominote entènasyonal la ale pi lwen pou di se yon prezidan eli ki dwe ranplase Jovenel Moïse an 2022 ki donk yo pa nan tranzisyon ke lidè opozisyon yo ap reve a.

Kominote entènasyonal la mande gouvènman an pou aranje yo pou reyalize eleksyon nan peyi a yon fason pou palman kanpe kòm sa dwa, yo mande gouvènman an pou frennen zak kidnapin nan ak ensekirite a kap taye Banda nan peyi a.

 

 

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …